Si Ajan ICE Yo Prezante Nan Pòt Ou

  1. Pa ouvè pòt la, rete kalm.
  2. Mande poukisa yo la (epi mande yon entèprèt si ou bezwen youn).
  3. Si yo mande pou yo antre, mande si yo gen yon manda yon jij siyen. Si yo gen yonn, mande pou wè l. Fè yo glise manda atravè yon fenèt oubyen anba pòt la.
  4. Si yo pa gen yon manda ki siyen pa yon jij, ou ka refize kite yo antre. Mande yo pou kite nenpòt enfòmasyon sou pòt ou.
  5. Si yo fòse antre, pa reziste. Di tout moun lakay ou pou yo rete an silans.
  6. Si yo arete w, rete an silans epi pa siyen anyen kiskaske ou pale avèk yon avoka.

Vèsyon enprime