Si Ajan ICE Vini Nan Travay Ou
- Mande si ou lib pou ale. Si ou kab ale, sòti tou dousman.
- Ou gen dwa refize pou yo fouye w. Di byen fò ou pa dakò pou yo fouye byen pèsonèl ou yo.
- Ou gen dwa pou rete an silans. Ou pa gen pou diskite estati imigrasyon w avèk okenn moun, tankou ki kote ou te fèt, keseswa ou se yon sitwayen, oswa kijan ou te antre nan peyi a.
- Men si ou gen dokiman imigrasyon valab, ou ta dwe montre yo. Pa janm bay fo dokiman.
- Si yo arete w, rete an silans epi pa siyen anyen jiskaske ou pale avèk yon avoka.
- Ou gen dwa pou anrejistre entèaksyon w avèk ajan imigrasyon yo osi lontan ke ou pa entèfere.